Florid adopte yon pwojè lwa ki otorize penn lanmò pou agresè seksyèl timoun

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
florid adopte yon pwojè lwa ki otorize penn lanmò pou agresè seksyèl timoun

Nan peyi Lèzetazini, pi presizeman nan Eta Florid, yon pwojè lwa ki adopte semèn pase a nan Chanm reprezantan yo dwe bay otorizasyon penn de mò ak kenpòt moun yo ta rekonèt koupab abi seksyèl sou timoun ki genyen pi ba pase 12 lane.

Lejislatè yo nan Florid apwouve lwa sila ki jwenn tou sipò gouvènè Florid la, Ron DeSantis, pou touye sila yo rekonèt koupab abi seksyèl sou minè yo. Avèk 2 pati, pwopozisyon an adopte ak 34 vwa kont 5 madi pase a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lejislasyon sila, daprè detay medya ameriken yo bay, pral pèmèt jiri yo bay kondanasyon a mò tou gras ak yon seri vòt ki genyen omwen 8 moun kont 4.

Chèf minorite a nan Sena Eta sila, Lauren Book (D-Davie) ak senatè menm Eta Florid la, Jonathan Martin (R-Fort Myers), ki kole tèt yo ansanm pou te prezante lwa sila, fè konnen ki fè yo mande penn de mò pou agresè seksyèl timoun yo, se paske « kriminèl yo gen anpil chans repete menm zak la, kidonk yo dwe bay yo yon penn iltim ».

Toutfwa chire pit ki genyen sou lwa penn de mò a, l ap fè pale de li nan medya yo Ozetazini, patikilyèman nan Florid, paske nan lane 2008, Wo Lakou a te dakò 5 kont 4 nan zafè Kennedy C. Louisiane nan pou yo pa t bay sila ki vyole timoun yo yon penn konsa, oubyen nan tout krim kote viktim nan pa mouri.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.