Komite olenmpik italyen an voye jete penalite 15 pwen kont Juventus yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
komite olenmpik italyen an voye jete penalite 15 pwen kont juventus yo (1)

Komite olenmpik italyen an (CONI) voye jete sanksyon lajistis espò nan peyi Itali te pran kont Juventus Turin pou te retire 15 pwen sou Bianconeri yo nan zafè transfè jwè ki ta fèt nan move kondisyon yo.

Yon bon nouvèl pou klèb italyen an ki tonbe jodi jedi an kote sanksyon sa ki te pran kont li an nan zafè transfè jwè ki ta fèt nan move kondisyon yo leve, sa ki pèmèt yo remonte nan pami 4 pi bon ekip klasman Serie A a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Komite olenmpik italyen an ki pran desizyon sa pou Bianconeri yo rekipere 15 pwen penalite sa, estime Federasyon italyèn foutbòl lan ta dwe evalye yon lòt fwa mezi sanksyon sa.

Federasyon italyèn lan te sanksyone Juventus nan dat 20 janvye pase a kote yo ta pral retire 15 pwen sou Bianconeri yo ki te akize nan monte tèt nèg pri yon seri jwè nan kèk transfè sòti 2018 pou rive 2021.

Avèk anilasyon desizyon sa, Juventus Turin monte pou kounya a nan twazyèm plas klasman chanpyona Itali an sezon sa ki gen nan tèt li Napoli k ap file tou dwat pou ranpòte Scudetto a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.