Vitelhomme kontinye ap simaye latwoublay nan Pernier ak Torcel 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
vitelhomme kontinye ap simaye latwoublay nan pernier ak torcel 

Depi samdi swa pou rive jodi lendi a, bandi ki fè pati “gang Vitelòm”, chèf gang Vitelhomme Innocent ap dirije, achte plizyè zòn nan komin Taba ak Petyonvil lajan kontan. 

Dimanch aprèmidi 25 septanm nan anpil bal t ap tire nan plizyè zòn nan 2 komin sila yo, epi lakòz genyen anpil enkyetid pa bò kote popilasyon ki nan antouraj yo, daprè sa nou aprann.
 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Vitelòm achte Pènye lajan kontan. Kounye a pwojè misye se atake Bèlvil. Li pran Tòsèl, anba Galèt pou li nèt, li pran Basen Jeneral, 3 Rigòl, Wòch Blanch. L ap vanse pi plis sou Kwadèboukè. Kounye a li vle gen kontwol mache Dagou a. Tris !TT”, pawòl Theriel Thelus, prezantatè vedèt emisyon Ti Koze ak TT, ayè dimanch swa sou rezo sosyal Facebook. 

Depi kèk tan anyen prèske pa fonksyone nan zòn Torcellle ak Pernier aprè Vitelhomme Innocent te rantre nan yon konfli dirèk ak lapolis, mwa jen pase a. Men depi plis pase 1 lane, li pran 2 lokalite sa yo pami kèk lòt anba kontwòl san gwo difikilte. 

Pou kounya menm jan ak plizyè kèk zòn tankou Kwadèboukè, Delma ak Pòtoprens, Matisan, pou n site sa yo sèlman, Taba ak Petyonvil pouri gate avèk banditis iben an avèk manifestasyon kriminèl sila yo kè pòpòz : yo kidnape, yo touye, yo detounen machin, yo piye, elatriye. 

Jiskaprezan lapolis poko janm ka reprann kontwòl sitiyasyon an. Vitelhomme Innocent ap mete plis teritwa sou kontwòl li chak jou pi plis.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.