Aprè Chelsea fin mete Graham Potter atè nan tèt ekip la, dirijan yo fè apèl ak ansyen jwè ak antrenè Chelsea, Frank Lampard pou vin fè rès sezon an ak Blues yo. Yon lòt posibilite pou ansyen antrenè Everton lan. Ak pwopriyetè Todd Boehly se pral 4triyèm antrenè ekip Chelsea ap genyen.
Klèb vil Lond lan, ap chache yon antrenè pou vin ranplase Graham Potter nan tèt ekip Chelsea a sezon kap vini, gen 2 antrenè ki kapab pran tèt ekip la se Luis Enrique ak Julian Nagelsmann. Men annatandan dirijan yo konfye Frank Lampard tèt ekip Blues yo.
Nan lane 2019, youn nan lejand klèb la te pran tèt ekip la, men l pat rete pou lontan, dirijan yo te oblije mete l atè an 2021. Aprè pasaj li nan tèt ekip Chelsea a, jwè a ta pral sove ekip Everton nan, nan Premier League la pou l pat desann nan 2zyèm divizyon.
Istwa Frank Lampard ak Chelsea kòm jwè te yon siksè nan lane 2001 pou rive 2014. Li te rive pran Premier League la 3 repriz ak yon Champions League la. Li rete pou l fè prèv li yon lòt fwa ak Blues yo rès sezon an.
Facebook Comments