Rochenel Jean , Manadjè K-Dans lan demisyone

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
rochenel jean , manadjè k dans lan demisyone

Apre plis pase 10 lane nan tèt staf kap jere gwoup K-Dans lan, Rochenel Jean nan yon lèt ki gen dat mekredi  5 avril 2023 anonse demisyon li nan post manadjè li te okipe nan gwoup lan .

Ansyen manadjè a remèsye tout moun ki te travay ansanm ak li tankou mizisyen, kolaboratè ,manm laprès ak fanatik yo. Nan lèt sa Rochenel Jean pwofite mande padon pou kelkeswa erè li te fè nan moman li tap jere gwoup K-Dans lan .

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ansyen manadjè a ki te oblije kite Ayiti akoz menas lanmò li tap resevwa nan lane 2021 apre bandi te kidnape batè djaz la Vilaire Rozier,swete siksè ak tout ansyen kolaboratè li yo ki te edel fè konpa dirèk la briye .Nan lèt sa Rochenel Jean pa bay rezon ki fèl kite pòs li te okipe pandan 10 lane a .

Nan yon semèn selman sa fè dezyèm manadjè ki kite gwoup yo nan milye mizik Ayisyen an . Nap raple Tania Ligondé li menm ki te gen pou pi piti 25 lane ak Djakout mizik ak Djakout#1 te kite pòs pal la 31 mas ki sot pase la .

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média