Fritz Alphonse Jean di: « Akò Montana a pa otorize pèsonn siyen akò 21 desanm lan »

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
fritz alphonse jean di akò montana a pa otorize pèsonn siyen akò 21 desanm lan

« Akò Montana a pa otorize pèsonn pou siyen Akò 21 Desanm lan, » te di Fritz Alphonse Jean, prezidan eli a.  Pandan yon konferans pou laprès ki te rasanble plizyè figi akò sa a, Fritz Alphonse Jean te pale tou sou nesesite pou lajistis ayisyen an rapatriye dosye pèsonalite Etazini ak Kanada te sanksyone yo.

Otorite yo nan Akò Montana a di yo sezi wè aktè politik, sosyal ak ekonomik yo ki mete yo bò kote pouvwa a nan yon nouvo akò politik, sa ki te  siyen 21 desanm 2022 a nan Karibe.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dapre lidè yo nan Akò Montana a, aktè sa yo sèlman konfime « dosye katastwofik ekip  ki sou pouvwa a epi garanti fòmasyon yon gouvènman monosefal pou 14 mwa ankò « .

Pou Fritz Alphonse Jean, akò sa a gen pou objektif òganize eleksyon pou moun ki gen pouvwa yo ka kontinye kenbe l epi kontwole enstitisyon ki pi enpòtan nan peyi a.

Yon lòt bò, Prezidan eli nan akò Montana a di li wè òganizasyon ak pati politik ki gen manm yo sanksyone , oswa ki gen anpil chans pou yo pran sanksyon , ap siyen akò 21 desanm nan pou chèche klemans.

Se sak fè ekonomis lan fè konnen okenn moun pa gen dwa asosye non  akò Montana nan jwèt koken sa a ki se akò 21 desanm nan.

Mete sou sa a, konsène rimè ki fè konnen akò Montana sou wout divizyon, Magalie Comeau Denis youn nan manm yo, bò kote pa l, klarifye pou li di se kèk siyatè ki dezète, men pa gen okenn divisyon nan antite sila.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.