Fwontyè Wanament ak Dajabón nan louvri ankò 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
fwontyè wanament ak dajabón nan louvri ankò 

Ayè lendi 25 Oktòb 2022 a otorite yo nan peyi d Ayiti resi deside relouvri fwontyè a nan zòn Wanament aprè li te fèmen paske gouvènman dominiken an te deside pat ba yo dwa achte gaz sou teritwa li a. 

Suit ak chita pale ant responsab Wanament yo (Juana Mendes) ak manifestan ki nan tèt mouvman sila yo, yo deside reprann aktivite nan zòn mache ant 2 peyi yo ki sou fwontyè Wanament ak Dajabón nan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Byen bonè moun te gentan sou plas pou vin fè pwovizyon. Men malerezman gen anpil pwodwi ki gentan gate, si n kwè laprès dominikèn, pi patikilyèman Listin Diario. 

N ap raple depi jedi 21 Oktòb la yon gwoup ayisyen nan zòn Wanament, ki sou fwontyè ak Dajabón, te pran desizyon pou bloke fwontyè a poutèt Dominiken te anpeche yo al achte gaz lakay yo. Plis pase 30 moto pat gendwa travèse fwontyè an menm tan pou t al apwovizone.  

Otorite dominikèn yo nan mache Dajabón te bay alèt sou sa, aprè plizyè dizèn Ayisyen te deside bloke wout ki bay aksè ak fwontyè a ak plizyè moto pou anyen pat pase. Mete sou sa okenn transpò pat posib ant 2 peyi yo. Yo te fè anpil dezòd nan Wanament pou fè vwa yo pase.  

Santiago Riverón, ki se mè Dajabón nan, te fè konnen mouvman sila afekte komès ki gen ant Ayiti ak Repiblik dominikèn nan mache Dajabón nan ki sou fwontyè ant 2 peyi yo. 

Ayisyen sila yo te sèmante depi yo pa kite yo al achte gaz an Repiblik dominikèn pou yo sèvi, fwontyè a pap debloke. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.