Gang Vitelòm lan atake kay ansyen Senatè Evalière Beauplan

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
gang vitelòm lan atake kay ansyen senatè evalière beauplan

Bandi ak zam ki fè pati gang « Kraze Baryè » atake kay ansyen Senatè Repiblik Evalière Beauplan. Yon atak ki fèt ayè mèkredi 7 jen an, nan komin Taba, presizeman nan Taba 62.

Bandi Vitelhomme Innocent yo kontinye ap komèt move zak nan kèk komin tankou Taba ak Petyonvil, e pyès moun pa epanye. Ayè lajounen, se gras ak yon entèvansyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) prese prese ki fè ansyen eli depatman Nòdwès la pa sòti de pye devan nan aso bandi sila yo te mennen kont rezidans prive li nan Taba 62, se sa n aprann.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè yon pwòch ansyen palmantè a, bandi Vitelhomme yo te menm gentan travèse yon pòtay kay la, nan moman M. Beauplan t ap òganize yon reyinyon anndan. Erezman, fòs lòd yo te fè yon entèvansyon rapid.

Fòk nou di, nan menm jou a, te genyen anpil tansyon nan komin Taba, prensipalman nan zòn kote dirijan Lavalas laa abite an, men lapolis pa t pran tan pou jere sitiyasyon an.

N ap raple, Kraze Baryè ki gen pou chèf Vitelhomme Innocent alyas « Vitelòm », se youn nan gang ki pisan nan depatman Lwès la, e li okipe plizyè komin nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan tankou Delma, Taba, Petyonvil e yo menm al bout anlè Kenskòf.

Malgre entèvansyon Lapolis fè a plizyè repriz pou mete baboukèt nan bouch chèf gang sila a ak mete li dèyè bawo, anyen pa bay rezilta. Vitelòm ak parèy li yo rete ak menm fòs la sou tèren an. Avi rechèch, mete pri sou tèt yo, anyen pa bay rezilta nan moman chèf gang sila a kontinye miltipliye move zak li yo nan sosyete a, sitou atak ak zam, kidnapin ak detounen machin.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.