Batay ant gang yo nan kapital la Pòtoprens ak nan kèk vil pwovens ap pouswiv a gran pa, malgre jefò Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) atravè operasyon li lanse kont yo, okenn rezilta dirab pa janm ka konstate.
Òganizasyon Nasyonzini (ONU) fè konnen pou kounya se 80% teritwa a ki tonbe anba men bandi k ap simaye latwoublay, e li di sitiyasyon sila preyokipe li anpil.
“Sa preyokipe n seryezman lefètke vyolans ekstrèm yo kontinye vin san kontwòl an Ayiti”, se deklarasyon Nasyonzini.
Wo komisarya Nasyonzini dwa moun nan pa bò kote pa l, n ap raple, te deklare mwa pase “enstabilite kwonik ak vyolans gang yo kontribiye nan pri bagay yo k ap ogmante ak ensekirite alimantè a”. Mwatye nan popilasyon an pa gen ase pou manje, se sa l fè konnen.
Si pou Nasyonzini gang yo okipe 80% teritwa a, daprè Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) “gang ak zam yo ap okipe 100% teritwa a”. Yon presizyon Marie Rosy Auguste Ducéna te bay RFI nan mwa mas pase a.
Depi kòmansman ane 2023, menm jan ak ane ki sot pase yo, gang yo k ap pran teren chak jou pi plis fòse plis pase 16 mil moun kite lakay yo an rezon zak vyolans, daprè Nasyonzini. Sòti janvye pou rive mitan mwa mas la, daprè yon rapò li pibliye, bandi ak zam touye omwen 531 moun epi kidnape 277 lòt nan Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen l yo.
Facebook Comments