Medam Grenadye yo byen fèmen preparasyon estaj yo an nan Antalya

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
medam grenadye yo byen fèmen preparasyon estaj yo an nan antalya

Pou dezyèm match tès seleksyon ayisyèn nan bò kote medam yo nan kad estaj preparasyon pou pwochen Koupdimond fanm lan, medam Grenadye yo genyen Mòldavi trankilman (3-1) gras ak Roseline Eloissaint, Batcheba Louis ak Shwendesky Joseph.

Aprè yon defèt (2-1) fas Nijerya vendredi 7 avril ki sot pase a, seleksyon nasyonal ayisyèn fanm lan genyen jodi lendi an medam Mòldavi yo nan match sa ki mete fen ak rasanbleman yo an ki te kòmanse depi 3 avril nan vil Antalya, peyi Latiki.

Seleksyon nasyonal la ki pa t ka konte sou kapitèn yo an, Nérilia Mondésir ki te blese nan match Nijerya a, Kethna Louis ak Tabita Joseph ki pa t nan kondisyon pou jwe, genyen kanmenm avèk yon onz remanye ki te gen ladan l Darlina Joseph, Roseline Eloissaint, Ruthny Mathurin ak Milan Pierre Jérôme.

Medam Grenadye yo fè sa ki te lesansyèl la avèk viktwa sa sou seleksyon Mòldavi an ki 110èm nan klasman FIFA a bò kote medam yo.

N ap mansyone, atakan Zenit St Petersburg, Shwendesky Joseph, ki ta pral rantre nan kòmansman dezyèm mitan an, enskri premye gòl li sou koulè seleksyon nasyonal la nan 62èm minit, pou te mete match la (3-0) nan avantaj Grenadye yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.