« Gen yon lame lanmò anndan PNH la », daprè Pierre Espérance  

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
gen yon lame lanmò anndan pnh la, daprè pierre espérance  

Pierre Espérance, direktè RNDDH, fè konnen  ayè dimanche 6 Novanm 2022 sou Magik9, gen yon  lame lanmò anndan enstitisyon PNH la a. Se sak fè li di li te enkyete sou konpòtman kèk polisye ayisyen ki swadizan ap mache tiye moun nan peyi. 

Daprè sa li deklare, ta gen yon eskadwon lanmò nan PNH la. Nan sans sa, Pierre Espérance pale sou dosye 5 jenn gason yo te arete nan dat ki te 29 oktòb 2022 a nan Delma 47, epi kèk jou aprè yo jwenn kadav yo san vi nan komin Taba. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 » Daprè enfòmasyon RNDDH rasanble, nan dat 29 oktòb 2022 a, ozalantou 5è pm,  kèk ajan ki te plase nan Ekip Swat la te rive nan Delmas 47 yo te nan 2 machin ki te gen enskripsyon inite espesyalize yo », te deklare militan dwa moun nan, avan li fè konnen ajan sa yo te   te pozisyone tèt yo nan perimèt la epi yo te fè kèk monte desann nan zòn nan anvan yo te arete 5  moun yo te jwenn sou sèn nan. Non moun sa yo se Ezéchiel Paul, Enock Merizier, James Mondesir, Andy Morisseau ak Dieupuissant Orestil, yo menm ki fè pati « Baz 47 », yomenm ki te lanse mouvman anti-gouvènman an ki rele « Bwa Kale » a. 

« Andy Morisseau ak Dieupuissant Orestil, se 2 mekanisyen ki te konn travay nan zòn nan. Yo tap retounen lakay yo nan moman lapolis te mete lapat sou yo, epi arete yo », daprè enfòmasyon Pierre Espérance. 

Mete sou sa, Pierre Espérance di, nan  menm jou yo te arete 5 jenn gason sa yo, manm « BAZ 47 » te ale  nan divès komisarya vwazen yo, nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ak nan Prizon Sivil la nan Pòtoprens, pou yo te kapab jwenn 5 endividi sa yo, men li fè konnen yo pat arive jwenn yo okenn kote. 

Se sak fè, li di li kondane disparisyon fòse epi ekzekisyon 5 moun sa yo e li mande ouvèti yon ankèt serye pou jwenn moun ki komèt zak sa yo pou yo ka pini yo daprè lalwa. « Misyon lapolis se pwoteje lavi ak byen, pa disparèt moun epi egzekite yo san pèdi tan », te deklare Pierre Espérance, tout pandan li mande enspeksyon jeneral PNH  la, pou li aji pou zak sa yo pa repete ankò. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.