Plis pase 60% chofè machin nan chomaj akòz pri gaz la ki tèt nèg  

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
plis pase 60% chofè machin nan chomaj akòz pri gaz la ki tèt nèg  

Prezidan Asosiyasyon Pwopriyetè ak Chofè yo nan peyi Dayiti,  Méhu Changeux, nan yon antèvyou li te bay nan  yon radyo nan kapital la fè konnen genyen plis pase 60% chofè machin ki pa al travay akòz pri gaz la a ki dejenere, pandan entèvansyon li nan estasyon radyo Magik9, li denonse konpòtman gouvènman an ki pa kolabore ak chofè yo pou jwenn yon bout ak sitiyasyon aktyèl peyi a ap fè fas jounen jodi a. 

Prezidan Sendika chofè yo yon lòt bò mande gouvènman an pou l pran bon jan mezi pou wete koze ti galon gaz la a k ap vann ak plis pase 3.500 Goud sou mache enfòmèl la a, li mande tou pou Ariel Henry degaje l kou mèt Jan jak pou mete gaz la a disponib andedan pomp yo, oubyen plas li pa la, “ toutotan se machann anbilan yo k ap vann gaz la nan pri yo vle a, sitiyasyon peyi a ap pi malouk” te deklare responsab sendika chofè yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan tan sa a, li te pwofite bat bouch sou sitiyasyon kèk chofè machin ki pran risk pase Matsan chak jou pou chèche pen kotidyen, men ki pa sispann viktim anba bal bandi ak zam kap k ap twoje koń yo sou pretèks pou okipe plis tèritwa. 

Depi moman nwa sa a yo, chofè machin yo te blije kreye lòt estrateji, kèk nan yo te blije refize wout Matisan an pou al pase nan mòn Sen Jid ak TI kajou, yon estrateji ki mete dozado chofè yo ak pasaje yo pafwa akòz pri machin nan ki se yon fado pou sèten. 

Misye Méhu te pwofite raple, bis ki te viktim anba bal bandi nan rantre Sid kapital la a jedi 3 novanm pase a te genyen plizyè moun ki te blese san konte sila a yo ki te pèdi lavi yo, Toutfwa li fè konnen li pa gen yon bilan egzat sou konbyen moun ki te viktim aprè dram sa a ki genyen anpwent gang k ap opere nan zòn Matisan.. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia