Aprè dola meriken an, gaz la ak dlo a, kounya se tou pa « byè » a ki vin ra nan kapital la Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens. Sa fè kèk jou depi plizyè moun te lanse alèt la sou rezo sosyal yo: « pa genyen byè pou bwè nan kapital la ! »
Depi kèk tan peyi d Ayiti ap fè fas ak yon seri sitiyasyon rate pwodwi ki bay anpil enkyetid pa bò kote popilasyon an. Aprè plizyè alèt sou yon rate byè k ap klewonnen sou rezo sosyal yo, nou te deside pran lari a pou al gade si reyèlman pa genyen byè sou teritwa a pou bwè.
Nan plizyè ba, restoran ak otèl ki nan komin Delma ak Petyonvil, prèske pa gen pwodwi sila ditou men pito yo vann lòt tip bwason, e nan kèk kote ki konn gen espesyal byè, biznismann yo deklare depi lè peyi a bloke a yo pa vrèman jwenn bagay sa an kantite ditou ni pou achte ni pou vann.
Sou rezo sosyal yo, patikilyèman Facebook, moun pat manke fè blag sou sa.
“Pèp ayisyen ap resi mouri” : Haïti liberté (se pa medya an liy nan)
“Nan vil loagane c a 750 li ye wi fre m koulya c bwa kochon neg oblige ap bwè”: Wiltaire Atilus
“Depi lè gen ratman sa m gon tèt fè mal ki pa janm pase. E kounyea AryèlAnry pral gen problem”: Jean Fritzlot Pierre
“M ta renmen konnen si yon moun pa bwè eske lap mouri pou sa?”: Crème à la vanille
Se kèk pami plizyè kòmantè nou te li sou Facebook anba yon piblikasyon jounalis Theriel Thelus fè sou fè sila: “Gen yon ratman byè nan Peyi a aktyèlman. Li t ap vann $420 li gentan pase $550 gen kote li deja $600 men moun pa ka jwenn li. Adjeee ooo bagay yo anpil wi. Fòk brasri a degaje I jere sitiyasyon an paske nan Geto yo ti byè ede nou tou… Ti biznisman yo ap plenyen seryezman! TT”
Yon lòt kote nan zafè rate byè a, yon moun nou te rive jwenn kontak li, te deklare li gen byè pou vann an gwo. Li mande 3 mil goud pou kès la. Si l pat deside di kijan l fè gen kantite byè sila yo an rezèv, li toutfwa rapòte li gen yon bon kantite pou vann. Pou kounya menm jan ak plizyè lòt pwodwi, “gran bivè” yo san lè pran liy pou yo ka achte byè pou yo bwè.