Gonayiv : Biwo depatmantal ministè ekonomi ak finans la piye epi boule 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
gonayiv biwo depatmantal ministè ekonomi ak finans la piye epi boule 

Plizyè Moun nan vil Gonayiv, piye epi mete dife  nan biwo depatmantal Ministè Ekonomi ak Finans, lendi 26 septanm 2022 sa granm bonè.  Yo pran materyèl biwo ki te la yo, yo boule yo devan lokal ministè a, epi yo mete dife tou. 

Mouvman pwotestasyon yo te komanse bonè bonè, nan  depatman Latibonit la, espesyalman nan Gonayiv Lendi maten sa a.  Daprè enfomasyon redaksyon nou an rive jwenn plizyè endividi, kèk ladan yo te ame, te  atake biwo depatmantal Ministè Ekonomi ak Finans nan Vil Endepandans lan epi yo te mete dife ladanl tou. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Endividi sa yo, antre anndan lokal Ministè a, yo piyel, yo pran  mekipman ki nan  biwo yo ak materyèl ki te la yo, yo boule yo devan  batiman Ministè Ekonimi ak Finans lan,epi yo  mete dife tou. Okenn prezans lapolis pa t konstate  pandan gwo mouvman pwotestasyon sila nna vil endepandans lan. 

N ap raple, moun sa yo kap Manifeste yo ap mande demisyon Premye Minis Ariel Henry sou pouvwa, epi yo menase pou yo atake lòt enstitisyon piblik yo si Premye minis lan pa deside demisyone nan tèt pouvwa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.