NETALKOLE

Gouvènman Ariel Henry a prevwa ogmante pri gaz la andedan ponp yo 

Premye Minis Ariel Henry te adrese l ak Nasyon an  byen ta nan aswè dimanch 11 septanm 2022 a, nan sousi pou l te fè kèk kòmantè sou sitiyasyon peyi a ap fè fas nan dènye moman sa yo. Depi louvri bouch li, se sou ajisteman pri gaz la li pèsiste. 

« Nou pral ajiste pri gaz la ». Premye deklarasyon ki soti nan bouch Premye Minis Ariel Henry ayè dimanch 11 septanm lan. 

Lokatè primati a aprè anpil tan kap dirije peyi a san di yon mo, pou premye fwa deside pale konsa pandan yon diskou li bay ak Nasyon an kap travèse yon kalamite sosyo-politik, ekonomik ak sekirite, mete sou anpil lòt ankò. 

« Nou vle gaz la disponib nan tout ponp yo nan peyi a. Nou ap travay sou li pou sa rive fèt nan yon ti tan, li ta dwe disponib chak jou « ,  nou tap relate deklarasyon PM nan. 

Ariel Ariel pwofite diskou sa pou l plenyen Leta debouse plis pase 50 milya goud pou sibvansyone gaz la, yon fason pou rann tout peye l nan yon pri nòmal. Anvan menm li fini diskou a, li deklare li konnen pèp la pral pran lari pou fè vyolans aprè deklarasyon sa 

“Mwen konnen gen moun ki pral eseye chofe tèt nou, di nou pran lari pou pri gaz la pa vini nan pri sa. Yo pap kontan wè nou jwenn bon jan solisyon dirab paske plis peyi a gen pwoblèm, se plis yo panse yo ka fè lajan epi fè mobilizasyon pou fè kapital politik yo”, li te pale konsa. 

Nan fen diskou li bay ak Nasyon an, Premye Minis Ariel Henry, te pale tou sou zak vyolans ak piyaj ki anrejistre nan dènye manifestasyon yo, li pwofite lanse yon apèl ak popilasyon an pou kalme kòlè yo epi rasire yo gouvènman an ap travay ak fèb mwayen yo genyen pou kapab aplike pwogram sosyal nan peyi a pou amelyore kondisyon lavi tout moun san distenksyon. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire