Gouvènman ayisyen an finalman sòti nan silans li sou dosye rivyè Masak la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
gouvènman ayisyen an finalman sòti nan silans li sou dosye rivyè masak la

Anviwon 2 semèn depi repriz travay kanal irigasyon sou rivyè Masak la, gouvènman ayisyen an reyaji jodi mèkredi an sou dosye sa ki pran fòm yon konfli ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn avèk presyon prezidan dominiken an, Luis Abinader.

Nan yon kominike ki pibliye jodi 13 septanm 2023 a, gouvènman ayisyen an atravè Ministè afè etranje fè konnen gen yon chita pale ki tanmen ant otorite de peyi yo nan kapital peyi Repiblik Dominikèn pou jwenn yon solisyon ak batay sa ki enplike gouvènman dominiken an ak peyizan Nòdès yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kominike sa ki pibliye sou paj ofisyèl gouvènman ayisyen an, Ministè afè etranje fè konnen rankont sa k ap fèt jodi mèkredi an ant otorite de peyi yo vize jwenn yon solisyon definitif sou pwoblèm ki poze avèk konstriksyon kanal irigasyon sou rivyè Masak la.

Gouvènman ayisyen an ki te fè silans sou dosye sa depi kòmansman travay yo nan fen mwa dawout pou rantre nan kòmansman mwa septanm lan, fè konnen y ap enfòme popilasyon ayisyèn lan sou sa k ap sòti nan reyinyon bilateral sa k ap fèt atravè komisyon melanje ki fèt sou kesyon itilizasyon rivyè Masak lan ki separe de peyi yo.

Popilasyon Nòdès lan k ap travay lannwit kou lajounen sou kanal irigasyon sou rivyè Masak la pa antann kanpe malgre menas ak presyon chèf leta dominiken an, Luis Abinader, ki anonse Repiblik Dominikèn ap kanpe tout relasyon komèsyal ak diplomatik avèk Ayiti apati demen jedi 14 septanm lan.

Nan divès entèvansyon moun ki enplike nan travay yo sou kanal irigasyon an fè nan medya, yo sèmante y ap fini travay la nenpòt jan sa ye, menmsi gouvènman ayisyen an ta deside bay legen ak presyon Luis Abinader ak ekip gouvènman li an ap bay yo.

N ap raple, kanal irigasyon sou rivyè Masak la ki te kòmanse sou administrasyon Jovenel Moïse lan, gen pou objektif mennen dlo sou plizyè milye ekta tè ki ka fè manje nan plèn Maribawou ki twouve l nan depatman Nòdès peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.