« En Dernier », yon feedback pozitif pou Guy Wewe 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
« en dernier », yon feedback pozitif pou guy wewe

Guy Webern Guerrier moun plis konnen antanke animatè mizikal sou dènye ane sa yo, fè aparisyon l nan endistri an fwa sa kòm chantè atravè mizik sa ki sòti dimanch 15 janvye 2023 a nan kolaborasyon avèk Kikko Lyriks. 

Nouvo tandans Endistri mizikal ayisyen an dènye ane sa yo montre anpil pèsonalite piblik ki enfliyan nan sosyete an, prensipalman sou rezo sosyal yo, rantre nan domèn lan kòm mizisyen. Pou ane 2023 a, se tou pa Guy Wewe ak mizik sa ki gen pou tit « En Dernier ». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si divès nan pèsonalite piblik sa yo ki fè chwa sa te oblije fè fas ak lapli kritik sou premye aparisyon yo nan Endistri mizikal ayisyen nan fason piblik lan mete an kesyon sa yo genyen kòm talan pou fè mizik, se konplètman diferan pou Guy Wewe ki, avèk sòti « En Dernier », pa sispann resevwa konpliman k ap sòti tout kote. 

« Se vrèman enkwayab! M pa rive kwè sa. Kote w te kache pandan tout tan sa ? Ou vrèman gen talan mizikal. Mw felisite w. Yon bèl eksperyans ki reyisi. Mw swete w byenvini epi fè chimen w. Ou siprann tout moun », ekri @nickynicky3724 nan kòmantè anba mizik sa ki deja gen plis pase 200 mil vizyonaj sou YouTube. 

Yon mizik ki fè sòti egalman emosyon lakay fanatik yo, prensipalman sila yo k ap swiv Guy Wewe kòm animatè kiltirèl depi lontan. Se ka Sacaria Aubert ki fè konnen « emosyon anvayi l nan tande mizik lan paske l pa t espere jwenn sa l tande an. » 

Divès reyaksyon aprè sòti mizik sa ale nan prèske yon sèl sans kote fanatik yo repwoche animatè a ki depi kòmansman semèn lan genyen ofisyèlman tit mizisyen dèske li pa t rantre nan Endistri mizikal ayisyen an depi byen lontan deja. 

«Bèl travay. Ou konnen ou te gen tout kapasite sa, ou te dwe lanse nan mizik deja», ekri yon lòt itilizatè YouTube ki konplete kòmantè sa ki kwè « se yon bèl leson motivasyon Guy Wewe bay. Aprann konnen talan ou yo epi eksplwate yo. » 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.