Grèv Grefye yo: ANAGH deplore silans Minis Jistis la ak Gouvènman

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
grèv grefye yo anagh deplore silans minis jistis la ak gouvènman

Asosyasyon Nasyonal Grefye Ayisyen yo (ANAGH) denonse silans Minis Jistis la Emmelie Prophète Milcé ak Gouvènman fas ak revandikasyon Grefye yo ak Komi Pakè yo ki an grèv depi 7 Mas 2023 a. Se sak fè ANAGH fè konnen 13 Mas sa a, Grèv la ap kontinye jiskaske yo satisfè revandikasyon yo.

Vrèman vre, ANAGH deplore silans Minis jistis la ak Gouvènman nan grèv Grefye 18 jiridiksyon peyi a, ki te lanse depi 7 mas 2023 a, pou te mande aplikasyon konplè akò 3 novanm 2017 la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè, Asosyasyon Nasyonal Grefye Ayisyen yo (ANAGH) fè konnen fas ak sitiyasyon sila a, yo santi yo oblije kenbe grèv la jiskaske yo konstate yon pwogrè reyèl nan chita pale ak otorite yo, sitou Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la.

Yon lòt bò, ANAGH felisite grefye yo nan 18 jiridiksyon peyi a ak nan Tribinal Repiblik la pou detèminasyon yo nan batay pou endepandans efikas nan aprèy jistis Ayisyèn nan, tout pandan asosyasyon an salye rezistans ak determinasyon yo montre depi 7 mas 2023 a, ki se dat grèv jeneral nan nivo lajistis ayisyèn nan te lanse.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.