Chanje dra pèmèt ou pa pran nan yon bèt ki rele AKARYEN

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
chanje dra pèmèt ou pa pran nan yon bèt ki rele akaryen

Daprè yon etid doktè Ayisyen an Norbrun Kerry fè, lè w chanje dra sou kabann ou chak semèn, sa anpeche w fè fas ak yon ti bèt ki pote non Akaryen, se yon ti bèt ki nwizib anpil, men ou pa souvan wè l lè li anvi monte sou ou, sitou si w pa abitye benyen anvan w dòmi.

Se pa yon bèt ou ka gade ak zye w konsa konsa, se atravè yon mikwoskòp ou kapab wè l, doktè a kontinye pou di, si w chanje dra sou kabann ou chak semèn ou pap fè fas ak ti bèt sa a, toutfwa, si w se yon moun ki benyen souvan anvan w kouche, ou kapab wè l pafwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ki sa ki yon Akaryen ?

Se yon ti bèt mikwoskopik, apeprè 0.5 mm, ki fè pati fanmi arachnids epi k ap patisipe nan degradasyon matyè òganik yo. Etid yo montre klèman, yo jwenn yo nan chak kwen nan kay moun, menm si li trè pwòp. Yo gen abitid anmède moun sitou nan espas ki fè cho yo tankou, andedan matla, zòrye, kanape, nan pousyè, elatriye… paske se la yo viv. Ti bèt sa yo tou se fanatik nounous timoun konn ap jwe tout tan yo.

Yon seri chèchè ki abitye eksplwate ensèk, jwenn yo se Kouzen arenye se yon bèt ki ka viv ant 2 ak 3 mwa, men ki ka repwodwi trè vit lè tout kondisyon favorab igwometri yo satisfè (apeprè 60 a 80% imidite) oubyen si chalè a degaje ant 20 ak 30 ° C.

Nan yon atik nou te ekri sou  » Gason chanje dra sou kabann yo chak 3 mwa » nou te montre anpil enterè pou w chanje dra sou kabann ou chak semèn, nan ka AKARYEN an, si w se yon moun ki benyen souvan, ou kapab chanje dra sou kabann ou chak 2 oubyen 3 semèn.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.