Plis pase 10,000 moun kouri kite kay yo akoz dènye batay gwoup ame yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
plis pase 10,000 moun kouri kite kay yo akoz dènye batay gwoup ame yo

Dènye batay gwoup ame yo nan rejyon metwopolitèn lan ak nan Latibonit lakoz plis pase 10,000 moun kouri kite kay yo pou al refijye nan divès lòt katye, daprè Òganizasyon entènasyonal migrasyon (OIM).

Popilasyon sivil la k ap fè fas chak jou ak zak teworis gwoup ame yo, kontinye ap deplase pa pil ak pa pakèt. Sou twa premye mwa ane 2023 yo, plis pase 10,000 moun deja kouri kite kay yo nan divès katye rejyon metwopolitèn lan ak nan depatman Latibonit.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dènye afwontman ki eklate ant gwoup ame nan Ba-Dèlma, Solino ak Bèlè epi sitiyasyon k ap devlope nan vale Latibonit lan, fòse fanmi yo kouri kite kay yo pou al refijye nan yon seri abri pwovizwa vilnerab ki pa sekirize, daprè OIM.

Resansman Òganizasyon entènasyonal migrasyon yo sou dènye evènman Bèlè yo ak zòn anviwonnen l yo fè konnen gen anviwon 4,000 moun ki deplase kite kay yo, kote majorite nan yo al refijye nan « kan Zamor » ki akeyi plis pase 6,000 moun.

Yon sitiyasyon ki bay gwo kè kase avèk kantite deplase yo k ap ogmante pi plis chak jou nan divès kwen rejyon metwopolitèn lan ak nan zòn pwovens yo ki sou kontwòl gwoup ame k ap enpoze lwa yo anba je otorite yo ki toujou pa anmezi pou retabli lòd ak sekirite.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.