Guy Phillippe reyaji! Epi anonse batay la pa p kanpe

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
guy phillippe reyaji! epi anonse batay la pa p kanpe

Aprè gwo tansyon ki te renye ayè mèkredi 7 fevriye 2024 la, sitou nan Pòtoprens, Guy Philippe reyaji byen bonè maten 8 fevriye a sou antèn Radyo Televizyon Caraïbes. Li anonse batay la pa p kanpe. Nan entèvansyon li maten an, li konfime divès bagay ki te kache dèyè jounen 7 fevriye sa.

Aprè Jeantel Joseph fin konfime bay laprès maten 8 fevriye sa se te konplo gouvènman Ariel Henry an pou te asasinen ansyen senatè Guy Phillippe, bò kote pa l, konsène a fè konnen batay la fenk kòmanse.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan mobilizasyon sa, omwen 5 ajan BSAP pèdi lavi yo anba bal ajan PNH, plizyè lòt jwenn arestasyon yo. Daprè deklarasyon ansyen direktè ANAP la, Guy Philippe te apenn rejwenn mobilizasyon an nan moman dram lan. “Se Guy Philippe nèg yo te vin asasinen”, sa li deklare.

“M di tout nèg sa, mete nou sou men nou. Yo avanse sou nou, yo tire sou nou, nou pral pran lari a, n ap avanse sou yo epi n ap netralize yo”, deklarasyon nan RTVC ansyen chèf rebèl la ki te mennen koudeta kont prezidan Aristide la an 2004.

Pi lwen, Guy Philippe anonse tou batay la pa p kanpe. Nan fen deklarasyon li an, li alète pèp la pou yo mete yo sou men yo paske daprè sa li di, estrateji yo pral chanje.

“Tout moun k ap defann Ariel Henry, ki kanpe anfas pèp la k ap fè pase revandikasyon l, yo se kriminèl. E nou di yo sa, n ap avanse sou yo, si yo vini ak zam, n ap vini ak zam tou pou nou defann nou.”

Menmsi ansyen senatè a pa bay dat pwochen sòti kontinite mobilizasyon yo, li fè konnen l ap kontinye kanpay yo nan sousi pou abouti ak entansyon yo ki se tabli revolisyon an nan tout peyi a jiska ranvèse sistèm politik aktyèl la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.