IGPNH prezante yon ansanm dosye ki nan tretman ; polisye Kondagana revoke 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
igpnh prezante yon ansanm dosye ki nan tretman ; polisye kondagana revoke 

Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (IGPNH) enfòme popilasyon an sou yon ansanm dosye ki deja nan faz tretman pou fen ane a. Nan vwa Enspektè divizyonè Garry Desrosiers, li prezante yon ansanm polisye ki deja anba sanksyon. 

Nan  dat 7 desanm 2022 a, ID Garry Desrosiers te eklèsi kèk pwen sou yon ansanm dosye IGPNH la ap trete aktyèlman nan kad batay ki genyen kont ensekirite a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Desrosiers fè konnen lajistis te bay lòd pou mete nan prizon 82 polisye nan divès sant kaseral ki genyen sou teritwa a, ladan yo genyen 7 polisye yo deja kondane.

Responsab la enfòme tou Enspeksyon Jeneral gentan remèt Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) rapò ankèt li mennen alantou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse, nan lide pou dosye a ka kontinye vanse. 

Yon lòt kote, ID a enfòme Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti rekòmande pou yo revoke polisye Jean Josué Clotaire alyas “Kondagana”, ki sòti nan 20yèm pwomosyon PNH la epi ki se manb gwoup Barikad Crew. Li akize nan lanmò Vertil Élie nan jou ki te mèkredi 26 janvye a, nan zòn Kanapevè. 

Toujou nan kad tretman dosye li yo, IGPNH ajoute nan pa two lontan l ap gen pou prezante rapò ankèt li sou lanmò jounalis Romelson Vilsaint, polisye te touye devan komisarya Delma 33 aprè l t al pote sipò l 30 Oktòb pase a, pami plizyè lòt konfrè laprès, bay Robest Dimanche, lapolis te arete nan Delma 47 nan kad travay li. 

Ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik Polis Nasyonal la (CPRP) fè konnen IGPNH ap travay nan tèt kole ak Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) sou plizyè lòt dosye tankou trafik zam ak bal, ki genyen plizyè polisye ki enplike ladan yo, daprè sa Enspektè Divizyonè Garry Desrosiers revele. 

 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.