Taywan pwomèt l ap ede PNH la achte jilè pa bal pou plis sekirite 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
taywan pwomèt l ap ede pnh la achte jilè pa bal pou plis sekirite 

Alòske ensekirite a ap vale teren pa bò isit an Ayiti, ministè Etranjè Taywan nan anonse li pral ede Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) achte jilè pa bal pou asire sekirite polisye yo nan kad travay yo.  

Ayiti se youn pami 14 peyi sèlman ki gen relasyon diplomatik ofisyèl ak Taywan, se poutèt sa zile azyatik la pwomèt ouvètman l ap ede gouvènman ayisyen an achte materyèl sila yo pou ranfòse kapasite PNH la pou konbat gang yo sou teren an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Joanne Ou, ki se minis Afè etranjè Taywan lan, deklare asistans sa “se pou amelyore kapasite lapolis nasyonal peyi d Ayiti lè l sou teren an, epi pou reponn apèl kominote entènasyonal la ak peyi alye yo pou amelyore sekirite piblik la an Ayiti”. 

Ekipman sila yo Taywan ap ede Leta ayisyen achte pou lapolis la, se lakay nan konpayi lakay li yo fabrike yo, kidonk nan izin taywanèz yo. 

N ap raple, PNH la te deja resevwa pa bò kote peyi Kanada yon premye lo 4 veyikil blennde pou konbat gang yo, Leta ayisyen te kòmande yon kantite ak plizyè lòt materyèl pou polisye yo. 

Depi plizyè mwa Ayiti paralize akòz yon kriz kabiran, bandi G9 bloke youn nan sèl aksè ki genyen sou teritwa pou ponp yo jwenn gaz, se tèminal Varreux nan komin Site Solèy. Malgre sanksyon Nasyonzini pran kont gang sila ki gen nan tèt li Jimmy Cherizier alyas Babekyou, ak tout moun k ap finanse l yo, okenn avansman pa fèt sou dosye sila. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.