Manchester United met fen nan bèl seri Arsenal la 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
Foto : AP /Dave Thompson

Nan okazyon sizyèm jounen Premier League, Arsenal ki te bat tout match avan li yo t al vizite Manchester United. Red Devils yo rive bat Gunners yo (3-1) e yo vini premye ekip ki mete do Arsenal atè pou sezon 2022-2023 a. 

Manchester United prèske refè. Ekip Erik Ten Hag la konnen yon katriyèm viktwa youn kole ak lòt pandan yo bat Arsenal nan Old Trafford la (3-1) nan match ki konte pou sizyèm jounen chanpyona Angletè a. Alòske li te vrèman mal kòmanse sezon an, Manchester United ap fè lalwa depi kèk match nan chanpyona sila a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Antony, elye Brezilyen ekip la fenk pran nan men Ajax la, te premye bitè match sa (35′). Pou premye match li, premye titilarizasyon, li enskri premye gòl li sou koulè ekip United la. Jwè 22 lane a se pi jèn Brezilyen ki make nan premye match li nan Premier League la alòske li vini santyèm Brezilyen ki jwe nan lig sa. 

Nan dezyèm mitan chòk sila a, jèn entènasyonal Anglè a, Bukayo Saka ta pral jwenn egalizasyon pou ekip Arsenal la (60′). Kèk minit aprè, konpatriyòt li, Marcus Rashford rebay Red Devils yo avantaj la (66′). Se menm Rashford sa ki touye espwa Gunners yo pandan li make twazyèm gòl la (75′) pou l asire viktwa a pou ekip li. Yon double enpòtan pou Rashy ki te deja fè yon gòl enpòtan devan Liverpool.  

Aprè viktwa sa, Manchester United pran senkyèm plas nan klasman Premier League la avèk 12 pwen pou 6 match li yo. Se premye move rezilta Arsenal fè li menm depi lè sezon an kòmanse, li te bat tout 5 match li te jwe avan yo. Ekip Mikel Arteta a toujou kenbe tèt klasman chanpyona a avèk 15 pwen. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.