Jamayik sispann sèvis konsilè li yo nan peyi a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
jamayik sispann sèvis konsilè li yo nan peyi a

Jamayik anonse li sispann pou yon tan ki pa detèmine sèvis konsilè li yo nan peyi d Ayiti swit ak atak ki fèt sou lokal li ki chita kò l nan menm espas ak Sun Auto S.A a, nan Taba, ayè madi 13 jen 2023 a.

Minis jamayiken Afè etranjè a fè anons lan. Kamina Johnson Smith fè konnen Jamayik pran desizyon sila swit ak bandi ki vandalize ak mete dife nan konsila Jamayik la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gang “Kraze Baryè” a frape ankò. Nan lannwit lendi pou rive madi 13 jen 2023, nan komin Taba, bandi Vitelhomme yo te atake konpayi Sun Auto a epi mete dife ladan l.

Malfra yo te pran sou wout yo plizyè machin pou konsesyonè a avan yo t al fè wout yo. Menm genyen 3 ajan sekirite ki disparèt. Pyès moun pa konnen si se bandi gang “Kraze Baryè” a ki kidnape yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.