Tipa Tipa, dola a ap pran ti souflèt nan men Goud la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
tipa tipa, dola a ap pran ti souflèt nan men goud la

To dola ameriken an ap desann Tipa Tipa nan mache echanj yo. Nan sèlman yon mwa, lajan ameriken an pase de 143,54 a 138,34. Sa ki vle di, 14 me 2023, pou w te chanje yon dola ameriken ou te bezwen 143,54 Goud, pou jodi 14 jen an, ou bezwen 138,34 Goud.

Pandan ti bese sa nan echanj dola a ak goud la, nou konstate tou yon satisfaksyon nan mache yo, sitou nan pri pwodui yo. Prèske tout machann yo, mete sou konsomatè yo, pa fè bouch long paske sitiyasyon alimantè a yon ti kras amelyore pandan ti desann sa nan echanj deviz yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan espas yon mwa, 14 me pou rive 14 jen 2023, to referans ki pibliye yo bese sou mache echanj yo.

To referans enstitisyon ki akredite yo te fè soti pou mèkredi 14 jen 2023 a se 138,34 goud pou yon dola ameriken.

N ap raple, pousantaj referans lan kalkile daprè tranzaksyon yo ak operasyon nan achte dola a sòti yon jou davans sou mache echanj deviz etranje yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.