Jean Jacques Pierre pap nan tèt seleksyon nasyonal la ankò

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
jean jacques pierre pap nan tèt seleksyon nasyonal la ankò

Aprè yon bilan pozitif ak Grenadye yo sou 19 rankont, kalifye pou Ayiti pou Gold Cup 2023 epi monte nan Lig A Nasyon CONCACAF yo, kominite nòmalizasyon an pa deside renouvle kontra antrenè ayisyen an. Yon enfòmasyon Jean Jacques Pierre konfime sou rezo sosyal yo. Yon desizyon ki mete anpil fanatik foutbòl nan pale anpil avan Gold Cup la, k ap kòmanse 24 jen 2023.

Pou kèk rezon administratif komisyon nòmalizasyon an pa deside renouvle kontra Jean Jacques Pierre nan tèt seleksyon an. Kontra antrenè a ki te kòmanse dirije seleksyon an 30 avril 2021 rive nan bout li. Aprè yon bilan pozitif ak seleksyon an, pou 19 match, li fè 12 viktwa, yon nil epi 6 defèt.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Komite a pa montre interè pou renouvle kontra Jean Jacques Pierre nan tèt selsksyon an aprè plizye pale anpil ki te fèt sou prim match ak zafè kek jwè ki te deside pa vin jwe pou Grenadye yo. San n pa bliye dosye Duckens Nazon an ki te fè anpil pale anpil nan laprès.

Aprè Gold Cup 2021 an, Jean Jacques Pierre te fè yon seri deklarasyon nan mikro Sofoot, kote ansyen jwè Nantes lan, ta pral mete anpil pawòl atè sou jwè ki pa deside vi n jwe nan seleksyon an a koz lajan epi takle FIFA sou yon zafè 11.4 milyon dola li bay sou 6 lane pou foutbòl ayisyen an. Pou anpil obsèvatè pawòl sa yo ta enflyanse komite nomalizasyon an pou pa kenbe Jean Jacques Pierre nan tèt seleksyon an.

Yon desizyon ki kapap gen gwo konsekans sou seleksyon, ki pral oblije gen yon lòt staff, yon lot diskou avan yo afwonte Kata, Ondiras, Meksik nan Gold Cup la, nan match faz gwoup yo pou poul B a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive