Ayiti: Popilasyon kèk zòn mobilize pou pran an chaj desten yo fas ak bandi

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
ayiti popilasyon kèk zòn mobilize pou pran an chaj desten yo fas ak bandi

Sitiyasyon sekirite an Ayiti depi lontan prekè epi gwoup gang ak zam yo ap opere nan kèk zòn nan peyi a ak enpinite. Sepandan, nan dènye tan yo, popilasyon kèk zòn nan Kapital peyi a, kòmanse mobilize pou pran kontwòl desten yo epi defann tèt yo kont bandi ak gwo zam ki ap teworize popilasyon an.

Gwoup sitwayen sa yo deside pa tann ankò entèvansyon otorite yo epi fè fas ak bandi ame yo ak mwayen ki nan men yo. Pou sitwayen sa yo rive fè sa, yo òganize patwouy lannwit pou kontwole katye yo epi kouri dèyè kriminèl k ap opere nan zòn yo. Yo mete tou baraj wout pou kontwole antre ak sòti nan zòn yo epi anpeche bandi enfiltre li. Pafwa lè yo kenbe bandi sa yo, souvan yo pa remèt yo bay otorite yo, men yo pito etenn souf yo. Yon pratik anpil òganizasyon dwa moun nan peyi a kondane.

Ayè lendi a Kapital Ayisyèn nan te leve anba kout zam, kote sivil ame te anvayi katye tankou Kanapevè, Debussy ak Turgeau. Men fwa sa a, Viktim yo pa t sèlman manm nan popilasyon sivil la menm si gen kèk ka yo te rapòte ki soti nan Popilasyon sivil la.

Premyèman nan lokalite Kanapevè, 14 sivil ame ki te entèsepte nan yon mini otobis te pèdi lavi yo anba men popilasyon an, epi answit yo te boule yo nèt. Mete sou sa, daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon nou an, gen omwen twa lòt swadizan bandi Popilasyon an te etenn souf yo, bandi sa yo minisyon yo te fini. Anplis de sa yo, Gen plizyè lòt ka ankò yo rapòte.

Pou anpil moun nan popilasyon sivil la, inisyativ de baz sa yo kòmanse bay fwi. Bandi yo ki ap opere ak enpinite nan zòn sa yo kounye a se chase y ap chase yo. Gen kèk patwouy sitwayen ki konn deside remèt otorite yo bandi yo lè yo pran yo, konsa gen lòt ki deside retire lavi yo. Yon lòt bò, gen lòt bandi ki konn arive kouri epi chape pou l yo lè yo wè detèminasyon rezidan yo pou pwoteje kominote yo

Sepandan, li enpòtan pou nou note, inisyativ sa a popilasyon an pran pa san risk. Vrèman vre, bandi ak zam ki rive chape pou l yo anba men popilasyon an ka tounen pou pran revanj yo yon fason ki vyolan. N ap raple, eklatman konn deja fèt ant patwouy sitwayen yo ak kriminèl yo, sa ki konn lakòz viktim tou de bò yo. Mete sou sa, inisyativ popilasyon an pa rezoud pwoblèm fondamantal ki se ensekirite jeneralize nan peyi a ak feblès enstitisyon yo.

Men aksyon popilasyon an montre, sitwayen Ayisyen yo detèmine pou yo pa soufri ankò akoz ensekirite ak vyolans bandi yo. Men pito, yo vle pran an chaj desten yo epi pwoteje kominote yo. Mobilizasyon sitwayen sa yo se yon mesaj fò yo voye bay otorite Ayisyèn yo pou yo finalman aji pou retabli sekirite nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.