MENFP deja resanse plis pase 10,000 lekòl nan sistèm edikatif ayisyen an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
menfp deja resanse plis pase 10,000 lekòl nan sistèm edikatif ayisyen an

Nan kad kanpay pou resanse kantite lekòl k ap fonksyone nan sistèm edikatif ayisyen an, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl deja anrejistre plis pase 10,000 etablisman eskolè nan peyi a.

Gras ak itilizasyon mwayen teknolojik yo nan pwosesis sa ki demare depi 27 mas ki sot pase a atravè yon platfòm anliy, plis pase 10,000 lekòl deja anrejistre daprè done Ministè a rann piblik wikenn ki sot pase a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwosesis resansman etablisman eskolè yo sou teritwa nasyonal la vize ranmase bon jan done sou kantite lekòl k ap fonksyone nan peyi a epi pou bay oubyen renouvle otorizasyon fonkyonnman etablisman eskolè yo.

Platfòm nimerik ministè a mete sou pye nan kad kanpay resansman sa bay lekòl ki otorize fonksyone yo akreditasyon pou kapab enskri elèv nan egzamen ofisyèl nevyèm ane ak fen etid yo k ap fini nan dat 7 me.

Resansman obligatwa sa pou etablisman eskolè yo nan peyi a ap bout nan dat 28 avril 2023 daprè ministè a ki fè konnen aprè dat sa yon lekòl ki pa anrejistre pa p gen otorizasyon enskri elèv nan pwochen egzamen ofisyèl yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.