Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent ranmase 86 rekòt kafe 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice

Jodi madi 12 Avril la, Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent, ap fete 86 lane. Pyès teyat, woman, nouvèl, pri literè, ekspozisyon, elatriye… se tout sa yo ki nan palmarès Frankétienne ki kontinye make lespri anpil moun. Li toujou ap viv nan peyi Ayiti, li renmen peyi l e li pa vle kite l. 

Fwi yon vyòl, Frankétienne te kòmanse pibliye pwezi nan lane 1964 ak Jean Claude Fignolé epi René Philoctète. Sou epòk Duvalier, anpil entelektyèl te oblije kite peyi a akoz de sa yap pibliye ki pat an favè rejim sa. Frankétienne wè anpil zanmi ak kòlèg li ki kite peyi a pou rezon sila. Pent 86 lane a, se youn nan atis ayisyen moun apresye anpil épi ki pi prolifik. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

An jen 2021, akademi fransè rekonpanse Frankétienne ak gran pri frankofoni an, pou jan li kontribiye nan kenbe épi ilistre lang fransè a. Malerezman, atis miltitach la te kontamine ak Kowona viris ane pase, men Frankétienne pa pi mal jounen jodia malgre maladi sa kite kèk sekèl pou li tankou doulè nan jenou l ak nan tay li.  

Li fè pati gwo moun sa yo ki rive sedwi moun ak sa yo ekri menm si se nan 2 lang diferan, épi make monn literè ak atistik la. Li gen plizyè zèv literè nan palmarès li tankou Pèlin-tèt, kaselezo, minwi mwen senk, Dezafi, Les âfres d’un défi, mon côté gauche, fleur d’insomnie, la méduse Orpheline, les échos de l’abîme, H’Eros chimères, elatriye…  

Konsidere tankou yon mapou nan literati Ayisyèn lan, Frankétienne rete yon senbòl onètete ak entegrite pou jenn fanm ak jenn gason nan peyi a. Li te toujou kwè l ap mouri nan lane 2020, men 2 lane aprè prediksyon li, li vivan toujou e li ka kontinye ekri, pwodwi pyès teyat, penn épi chante.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.