Jean Tholbert Alexis mande pou sispann itilize lekòl pou fè batay politik 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
jean tholbert alexis mande pou sispann itilize lekòl pou fè batay politik 

Ansyen depite Jean Tholbert Alexis kritike metòd anpil pwotestatè itilize nan dènye mouvman pwotestasyon yo kise anpeche lekòl fonskyone sou teritwa a pou kapab fè pase revandikasyon yo. 

Ansyen palmantè a ki se aktyèl Chèf kabinè Minis jenès, espò ak aksyon sivik la denonse pratik anpeche lekòl fonskyone nan peyi a pwotestatè yo souvan itilize kòm zam politik nan kad mouvman pwotestasyon kont gouvènman an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou ansyen depite Jean Tholbert Alexis, atake etablisman eskolè yo se yon pratik ki pa bon pou avni peyi a, e pwotestatè yo dwe sispann bloke lekòl yo sou pretèks y ap fè politik. Ansyen palmantè a kwè se devwa chak sitwayen pou pwoteje elèv yo lè yo pral lekòl. 

Ansyen vis prezidan asanble nasyonal la espere demach plizyè gwoup nan sosyete sivil la antreprann dènye jou sa yo pou gade kòman aktivite lekòl yo ki bloke depi 2 mwa ap kapab abouti, e pòt lekòl yo ap kapab relouvri finalman lendi 7 novanm k ap vini an jan yo prevwa sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.