Jiska 9 500 dola ameriken pou rantre Etazini nan pase Meksik 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
jiska 9 500 dola ameriken pou rantre etazini nan pase meksik

Migran yo ki vle viv rèv ameriken an a nenpòt ki pri, depanse jeneralman gwo kantite lajan nan travèse divès teritwa nan Amerik latin lan pou rive sou fwontyè meksiken an ak lide y ap rantre Etazini. 

Stanley ki vwayaje sòti Repiblik Dominikèn pou rantre Etazini, fè El Nuevo Diario konnen li peye jiska 9 500 dola ameriken nan diferan trajè li yo jis li rive Etazini kote l ap viv jounen jodia. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan fason fenomèn migrasyon an ap evolye nan rejyon an dènye ane sa yo, se sanse chak jou plizyè santèn migran ap kite lakay yo, travèse plizyè peyi nan Amerik latin lan jis rive sou fwontyè meksiken an kote y ap tann posiblite rantre nan teritwa ameriken an. 

Jèn gason sa ki sòti San Francisco Macorís, fè ajans lan konnen li kite Repiblik Dominikèn desanm ane pase akoz pwoblèm travay kote li pase Gwatemala, rantre Meksik, avan pou l rive Etazini kote l twouve l nan yon zòn refij Manhattan jounen jodia. 

Stanley kontinye pou rakonte peripesi migran yo k ap itilze fwontyè meksiken an pou rantre Etazini kote gen yon pati nan trajè an ki se travèse yon forè kote gid yo oblije fè yo kache pandan yon moman avan pou reprann wout la. 

Menm jan ak Ayisyen yo ki pa sispann kite Brezil ak Chili pou rive Meksik nan lide pou rantre sou teritwa ameriken an, anpil lòt popilasyon nan divès peyi nan rejyon an itilize menm trajè sa yo ki non sèlman riske, men koute anpil kòb tou. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.