Jiskaprezan Leta poko janm di anyen pou Site Solèy 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
jiskaprezan leta poko janm di anyen pou site solèy 

Depi 8 jiyè kalvè moun k ap viv Site Solèy pa sispann ogmante. Afwontman ant gwoup gang G9 ak G-Pèp, anplis viktim li fè, kite pèp sila ak yon dèy ki pa janm fini, mete sou sa Leta ayisyen bliye yo. 

Moun k ap viv anndan komin sila, kiyès yo ye pou otorite yo ki nan Leta imilye ak bliye yo konsa ? Sa se yon kesyon pèsòn pa p janm ka bay repons lan, apa Leta sèlman piske pa gen yon gouvènman ki pase ki fè yon koudèy sou zòn sila. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Eta Site Solèy vin pi mal, se sa yon abitan k ap viv nan zòn Boston rapòte nou. Li konn fè ale vini nan kèk katye andidan san pwoblèm. 

Li fè konnen, deja pa t gen sèvis asenisman ki te konn fèt nan zòn nan, depi lè gè a sa vin pi mal. Gen plis dlo sal, fatra : moun ki la yo ap viv nan salte ak mikwòb. Manke jan tou.  

Popilasyon ki nan Site a ap viv nan move kondisyon, pyès ministè pa fè yon kout pye anndan ni pou fè resansman yo, alevwa pou sèvis sante, dlo ak sekirite. 

N ap raple, pandan peryòd 8 pou al bout 17 jiyè pase a, prèske 500 moun peri anba bal, manchèt oubyen dife bandi, genyen jiska jounen jodia ki disparèt, fanmi yo pa konn si yo mouri. San konte sa yo vyole.  

Aprè batay ant gwoup gang Babekyou, G9 an Fanmi e Alye, ak pa Ti Gabriel la, Nasyonzini te mande pou èd imanitè te rantre anndan jiskaprezan… . Gè sila lakòz plis pase 3 mil moun sove kite kay yo, pami yo yon pakèt timou. Pi fò nan yo t al refijye yo nan lekòl Saint Louis Gonzague ki sou Dèlma. Leta poko janm akonpaye moun sa yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.