Joe Biden manke tonbe ankò pandan l ap monte avyon prezidansyèl la 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Photo : Francis Chung/POLITICO

Prezidan ameriken an Joe Biden manke tonbe yon lòt fwa ankò pandan l ap monte avyon Air Force One nan, nan moman l t ap kite Alabama dimanch pase a. Li te rann li sou plas pou selebre 58yèm anivèsè mach “Bloody Sunday” la, ki se yon mach pou dwa sivik yo reprime ak vyolans yo. 

Pandan lokatè Mezon Blanch lan t ap monte avyon prezidansyèl la pou retounen Delaware, li manke tonbe aprè l te fin rate yon pa. Sa fè omwen 4yèm fwa sa rive l. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

New-York Post rapòte, Biden, ki se prezidan ameriken ki pi aje peyi a pase, swa ak 80 lane aktyèlman, fè omwen 3 fo pa pandan l ap monte avyon an, aprè l te fin kite Polòy genyen kèk tan de sa aprè vizit sipriz li te bay Kiev, an Ikrèn. 

N ap raple an mas 2021, Joseph Robinette Biden Junior te rate pa li 2 fwa epi te menm tonbe sou jenou l pandan l t ap monte abò Air Force One nan avan yon vwayaj nan Jewòji. Mezon Blanch lan te fè konnen se gwo van ki t ap soufle ki te fè sa. 

An Me 2022, menm ensidan an te rive l pandan l t ap monte avyon an pou rann li Ilinwa, li te pran kontwòl sitiyasyon an byen rapid. Yon mwa aprè, li te manke tonbe avan l te pran yon vòl pou Los Angeles, li t ap pral patisipe nan somè Amerik yo. Epi yon semèn pita pandan l t ap monte yon bekàn, li pèdi kontwòl li epi tonbe devan tout moun ki te la, pami yo plizyè jounalis, nan Rehoboth Beach, Delaware. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.