Joseph Jouthe : “Sou fyèl mwen yo t ap pase pou asasinen Jovenel Moise”

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
joseph jouthe sou fyèl mwen yo t ap pase pou asasinen jovenel moise

Ansyen premye minis Joseph Jouthe te gen envitasyon Majistra Jean Wilner Morin pou te reponn kesyon sou lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la, ayè lendi 26 jen 2023 a. Nan yon ti bat bouch aprè odisyon l lan, li fè konnen li reponn ak tout sa jij la te swete genyen kòm enfòmasyon anplis sou krim sa ki te fèt nan aswè 6 pou louvri 7 jiyè 2021 pase a, andedan lakay ansyen prezidan an, nan zòn Pèleren 5.

Nan yon entèvyou ak Laprès aprè seyans odisyon an. Yo te mande l kijan li konprann lanmò ansyen prezidan an ki fèt kèk mwa aprè demisyon l kòm premye minis. Kòm repons, mesye Jouthe deklare: “Se sou fyèl mwen yo t ap pase pou asasinen Jovenel Moise”.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo te mande l opinyon li egalman sou ensekirite a ak kriz politik peyi a ap fè fas dènye tan sa yo. Li denonse sitiyasyon ensekirite kwonik lan nan peyi a pandan l fè kwè li vin pi enpòtan pou retabli sekirite sou tout teritwa nasyonal la.

Si n ap sonje, lè li te Premye minis, nan yon konferans pou laprès, Joseph Jouthe te bay PNH la enstriksyon pou l fè tout sa ki depann de li pou demantle gwoup gang Vilaj De Dye a nan lide pou lòd te retounen kòmsadwa. Li te menm fè konnen se baskèt li gen pou l al jwe nan Vilaj aprè lapolis fin egzekite plan l yo.

Toujou nan deklarasyon l fè ayè lendi 26 jen an aprè odisyon an, Jouthe kontinye renouvle deklarasyon l yo. « Jiskaprezan, mwen mande Lapolis Nasyonal Dayiti pou l fè travay li, pou m ka jwe yon ti match baskètbòl nan vilaj ».

Ansyen minis finans lan envite gouvènman aktyèl la pou l pran mezi ki nesesè yo pou retabli lòd ak sekirite. “Mwen espere Premye minis lan pral kapab mete yon minimòm sekirite pou òganize eleksyon yo epi renouvle estaf politik la”.

Pou fini, li kontinye pou fè kwè li pa santi l koupab, ni kontribiye nan twoub sekirite sa peyi a ap fè fas jodi a, swa nan kapital la oubyen nan vil pwovens yo. Li kwè, li te fè yon travay entèresan pandan administrasyon li an. “Mwen pa t kite peyi a konsa. Lè mwen te pran li, li te move, men mwen te amelyore l. De mwa aprè mwen fin ale, yo touye prezidan an”, te fè konnen Joseph Jouthe ki konsidere li te redwi anpil nan ka kidnapin yo epi tou demanti enfòmasyon ki fè kwè se li ki te debloke wout ki mennen nan Vilaj De Dye a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.