Joseph Lambert defann tèt li fas ak ULCC nan dosye machin sena yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
joseph lambert defann tèt li fas ak ulcc nan dosye machin sena yo

Inite lit kont koripsyon pibliye yon nòt ayè mèkredi 15 novanm 2023 a, sou yon miz an gad sou kèk pèsonalite politik nan peyi a tankou Joseph LAMBERT, Wanique PIERRE, Richard Lénine, Herve FOURCAND epi Gracia DELVA kòm moun ki ta gagote epi detounen byen piblik peyi a. Aprè gwo sòti sa ULCC fin fè a, Joseph Lambert bò kote pa l pat pran tan pou defann tèt li epi tante lave non l fas ak akizasyon enstitisyon k ap batay kont koripsyon andedan peyi a plane 17 longè kont li yo.

Nan rapò sila, ULCC konfime ansyen prezidan chanm sena a toujou genyen nan garaj li 4 machin ki se pwopriyete prive Sena a, yon akizasyon ansyen palmantè a voye jete byen lwen. Joseph Lambert deklare sou antèn Radio Télé Métronome, pami 4 machin ULCC site nan rapò sa ki ofisyèl ayè madi a, genyen 2 ladan yo ki anpàn epi ki abandone nan yon zòn nan vil Jakmèl, paske, “ensekirite Matisan an pa pèmèt mwen deplase ak yo”, deklarasyon l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li kontinye sou antèn menm medya sa pou l fè konnen genyen yon lòt machin ki nan men Lapolis nan vil Okap pou zafè plak imatrikilasyon. Dènye machin nan, daprè ansyen palmantè a, ta toujou nan men bandi ki te atake l mwa fevriye pase a.

Pi lwen, Joseph Lambert presize tou, komite jesyon lojistik Sena a te enfòme de tout bagay sa yo nan lide pou yo te fè swivi ki nesesè yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.