Romelson Vilcin pat pou kont li pandan dram nan, li te akonpanye ak lòt manm medya tradisyonèl kou anliy devan komisarya Dèlma 33 a, pou mande liberasyon kòlèg li Robest Dimanche, jounalis Radyo Zénith FM lapolis te arete kèk èdtan avan.
“Romelson te pase kèk minit nan sal ijans anvan li mouri ». Daprè rezilta newochirijyen yo, plizyè jounal nasyonal kou entènasyonal fè konnen se yon bonbòn gaz lakrimojèn ki tiye vaktim nan, alòske Raynald Petit-Frère anpil moun konnen li sou non Kenny, ki, li menm tou, te viktim anba men polisye yo deklare sou antèn Magic9 “se bal reyèl ki tiye Romelson Vilsaint” .
Prezidan Kolektif Medya An Liy yo (CEMEL), fè konnen tou se lapolis ki responsab lanmò viktim nan. « Mwen wè yon polisye ki te sèvi ak zam bal reyèl kont nou pandan menm nou t ap mande liberasyon konfrè nou an Dimanche. Mwen tande son bal la, aprè sa a, mwen wè jounalis la tombe atè ap benyen nan san l”. Te deklare jounalis Raynald Petit-Frère, pandan li fè konnen li menm tou li te pase yon move moman anba men mesye polisye yo.
“Anvan jounalis la te rann dènye soupi li, li fè plizyè tan atè a anvan yo te mennen l lopital, » te ajoute Raynald Petit-Frère.
Lanmò Romelson Vilsaint rive yon semèn aprè yo te dekouvri kadav Garry Tess, yon animatè radyo nan sid peyi a, pase pran yon tantativ sasinay sou Roberson Alphonse, yon jounalis envestigasyon. Sa montre tou kijan sosyete ayisyèn nan poko prè pou respekte ni dwa ni itilite yon jounalis genyen nan yon sosyete.
Facebook Comments