Pwogram nasyonal konpansasyon aprantisaj MENFP a kòmanse

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram nasyonal konpansasyon aprantisaj menfp a kòmanse

Jan Ministè edikasyon nasyonal Ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) te deja anonse sa, otorite edikasyon yo jeneralize pwogram konpansasyon aprantisaj la ki gen pou objektif ede elèv ki pral nan egzamen ofisyèl ki afekte akoz pwoblèm ensekirite a nan peyi a. Kantite benefisyè yo se plis pase 300,000 kandida daprè sa MENFP rapòte.

Vrèman vre, elèv 9èm ane fondamantal ak elèv Segondè 4 sektè piblik la gen posiblite pou yo swiv kou ratrapaj pandan wikenn ki sot pase a. Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) louvri 36 sant nan tout peyi a pou pwogram sila kapab rive posib.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè sa MENFP fè konnen, objektif inisyativ sa se konpanse pèt aprantisaj ki koresponn ak konpetans obligatwa ki nesesè pou ane respektif sa yo.

Mete sou sa, Direktè edikasyon primè ak segondè a, Kendy Nicolas ak Miguel Fleurijean, te deja prezante pwotokòl yo mete an plas pou sa kapab rive fèt kòrèkteman.

Bò kote pa l, Etienne Louisseul France, te ale nan plizyè sant Ministè a mete sou pye nan lide pou l te kapab ankouraje elèv yo pou yo pwofite anpil nan inisyativ sila ki vize ede yo konble vid yo.

Nan sans sa, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl salye direktè lekòl yo, pwofesè yo ak elèv yo ki akeyi inisyativ sila a trè byen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.