Dat 3 me an selebre chak ane an Ayiti ak nan tout rès mond lan kòm jounen entènasyonal libète Laprès. Nan yon kontèks difisil kote metye jounalis la pa sispann menase, moman sa kontinye vize fè pwomosyon epi defann libète ak endepandans medya yo.
Laprès jwe yon wòl fondamantal nan tout sosyete demokratik atravè prensipal fonksyon li yo ki se enfòme sitwayen yo, siveye aksyon gouvènman yo epi kontribiye nan defann dwa moun. Avèk konstitisyon 1987 la, libète medya yo ta pral konsakre nan atik 28.1 ak 28.2 seksyon C an.
Malgre dispozisyon konstitisyonèl sa, Laprès nan peyi an souvan fè fas ak yon seri gwo defi ki menm mete an kesyon libète medya yo an Ayiti nan sa y ap fè kòm travay yo. Sòti 1987 pou rive jiska jounen jodia, plizyè dizèn jounalis mouri pandan y ap akonpli misyon yo.
Jounen entènasyonal libète Laprès sa k ap selebre jodi mèkredi an se yon okazyon pou gouvènman an ak tout sosyete sivil la nan peyi an evalye travay medya yo sou 30 dènye ane sa yo kote yo pa p evolye sou rejim bout di Duvalier yo avan ane 1986.
Se okazyon egalman pou repanse sou tout fòm metye jounalis la nan peyi an, sitou avèk monte an fòs nouvèl teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo ki pèmèt jounen jodia kontni yo pataje pi fasil epi rapid. Avèk avanse teknolojik yo, rezo sosyal yo vini kòm pi gwo kanal pou pataje enfòmasyon yo.
Li enpòtan pou nou souliye libète Laprès la nan sosyete demokratik yo se pa sèlman dwa jounalis yo genyen pou fè travay yo san pa gen lòt fòs pou anpeche yo, men sitou dwa popilasyon an genyen pou jwenn bon jan enfòmasyon nan tout transparans.
N ap raple, nan menm konstitisyon 1987 la ki konsakre libète pou medya ak travayè laprès yo ranpli fonksyon yo san kè sote an, li fè egzijans nan atik 28.2 li an pou tout moun k ap pratike metye jounalis byen verifye enfòmasyon yo epi respekte etik pwofesyonèl lan.
Facebook Comments