Jürgen Klopp konpare Jude Bellingham ak yon « Ferrari », Liverpool pa ka achte 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
jürgen klopp konpare jude bellingham ak yon ferrari, liverpool pa ka achte 

Pou mèkato a k ap vini nan ete a, anpil klèb tankou Manchester City, PSG, Real Madrid ak Livepool gen je yo rive sou jèn mitan teren anglè a, Jude Bellingham. Nan konferans pou laprès, antrenè Liverpol la, Jurgen Klopp fè konnen aktyèl jwè Borussia Dortmund nan p ap rejwen Reds yo sezon kap vini. Pou antrenè a jwè se yon « Ferrari » ekip la pa ka achte.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jurgen Klopp konfime jodi vandredi a, Liverpool p ap ka achte Jude Bellingham pou rezon finansyè, antrenè a menn fè konnen Reds yo oblije bay dosye a vag. Liverpool pa anvi mete 100 milyon ewo sou yon sèl jwè pou vin ranfòse ekip la.

Daprè sa antrenè Alman an fè konnen nan mikro laprès, li pa gen anyen li ka di sou sijè sa, « pou m onèt ak nou. Si n ap pale de jwè k ap gen pou rejwenn nou. Poukisa m ta dwe pale sou yon bagay ki pa sa ».

Nan deklarasyon l yo, antrenè Borussia Dortmund lan ale pi lwen pou  l di :  » M pa wè poukisa m pa ka pale sou yon bagay nou paka genyen. Nou pa timoun. Si yon  timoun di li bezwen yon Ferrari pou fèt Nwèl, ou di l ou pa gen kòb anplis li pap ka kondwi l. Nou dwe travay ak sa nou genyen ».

 

Yon bagay ki sèten, Jude Bellingham p ap rete nan klèb Borussia Dortmund nan sezon k ap vini, rezon an senp, gen  twop klèb ki prè pou yo bay anpil kòb pou li malgrè jwè a fè konnen l pa prale nan nenpòt klèb.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive