Liv Inik lan ap disponib nan lekòl yo apati janvye, daprè Minis Nesmy Manigat 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
liv inik lan ap disponib nan lekòl yo apati janvye, daprè minis nesmy manigat 

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl boukle ayè vandredi 2 novanm lan travay sou liv inik pou de premye ane fondamantal yo. Daprè Minis Nesmy Manigat, apati janvye 2023, dokiman sa sipoze disponib nan lekòl yo. 

Nan kad desizyon ki pran pou fè kreyòl la vini sèl lang ansèyman nan de premye ane lekòl fondamantal yo ak yon pi bon itilizasyon de lang fransè a, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, a travè kad nan Ministè a, mete sou pye liv inik lan ki pral sèvi pou premye ak dezyèm ane fondamantal. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Minis Nesmy Manigat ki t ap patisipe nan aktivite sa ki demare depi 29 novanm, nou kapab chanje mòd ansèyman peyi a si kominote edikatif la rive konprann nesesite pou itilize zouti aprantisaj sa sou fòm nimerik ou an papye. 

Minis edikasyon nasyonal la rapouswiv pou fè konnen inisye lang kreyòl depi nan premye ane fondamantal se yon fason pou chanje fason moun panse nan zafè lang anndan peyi a. Nan sans sa, ministè a gen pou mete a dispozisyon elèv yo zouti y ap bezwen k ap pèmèt yo metrize lang manman yo an byen bonè. 

Liv inik sa ki pral sèvi pou premye ak dezyèm ane fondamantal sou tout teritwa nasyonal la deja disponib sou fòma papye, e pandan mwa desanm lan gen plis pase 25 000 k ap gen pou distribiye nan 10 Direksyon depatmantal edikasyon ministè a, daprè Nesmy Manigat. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.