Ayè jedi 22 septanm 2022 a yon gwo panik te deklannche nan prizon sivil fanm yo nan vil Kabarè. Daprè enfòmasyon responsab yo nan prizon an te konfye redaksyon an, plizyè prizonyè sove nan evazyon sila a, yon prizonyè mouri pandan li tap tante chape poul li.
Plizyè endividi ak zam yo pat rive idantifye te atake prizon sivil fanm nan, ki sitiye li nan komin Kabarè ayè jedi a, selon premye eleman enfòmasyon yo.
Aksyon sa a te lakòz yon gwo evazyon nan sant prizon an, plizyè prizonyè ki te sou kontwòl fòs lòd yo rive sove.
Dènye enfòmasyon yo te rapòte, omwen yon prizonyè mouri nan moman li menm tou li tap eseye sove kite prizon an, alòske non li rete enkoni.
Sepandan, otorite yo nan penitansye a pa t kapab konfime kantite prizonyè ki sove nan prizon sa a ki te gen plis pase 250 fanm. Toutfwa, responsab yo fè konnen y ap rete veyatif pou anpeche dram sa repete ankò, plizyè operasyon pral mennen pou anpeche evade sa yo vin yon danje pou sosyete a.

