Yon mach pasifik te òganize nan zòn Fontamara nan memwa youn nan jounalis ki te sasinen Site Solèy yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Kredi Foto: Tijèn Jounalis

Ayè jedi 22 septanm 2022 a, plizyè zanmi pwòch epi fanmi jounalis Tayson Lartigue, PDG medya anliy « Tijèn Jounalis » te mache pasifikman nan zòn Fontamara, nan sousi pou jwenn kadav mesye yo ki te pase yon move moman anba foul otomatik bandi san fwa ni lwa nan komin Site Solèy, jou ki te 11 septanm pase a.

Yo te plizyè santèn sitwayen ki te òganize mach pasifik sila a nan memwa jounalis Tayson Lartigue anpil moun konnen sou non « Ti Jèn », paran viktim nan ki abite nan katye sa a epi ki fè levasyon li nan zòn Fontamara, sitou manman l pa t ka kenbe dlo nan zye yo pandan dewoulman mach sila a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Balèn nan men, mayo blan, sila yo ki gen nwa tou, yon grafik pòtrè jounalis la te nan prèske tout mayo patisipan yo, mach la te kòmanse nan yon enpas andedan katye sa a ki pote non « Andremiz » ‘, yo te prèske fè tout pakou Fontamara 27 la, pase nan Kafou Modèl pou fini nan Delwi, zòn paran Tayson te leve l depi l ti kat kat. Plizyè pèsonalite ak òganizasyon enfliyan ki loje yo nan katye sa a tankou, Javel Javenson pitit machann nan, Madan Jera, Fanmi Asosi, Rara Modèl, Wepa, 4Las, pou n site sa yo sèlman, tout te prezan pou rann yon omaj senbolik ak jèn jounalis la.

Manman Tayson bò kote pa l, pa t kache endiyasyon l fas ak lanmò pitit gason l lan, li te bay yon diskou pou te fini mach senbolik sila a. Li kritike gouvènman Ariel Henry a ki pa fè anyen pou kwape zak banditis yo andedan peyi a. « Drapo peyi a ap flote pou yon kategori moun, li pa flote pou nou menm malere. » Li te deklare pandan diskou li a.

Javel Javenson, ki se yon militan politik kap defann 3zyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, voye yon mesaj senpati bay fanmi viktim nan, li pwofite tou lanse yon apèl ak chak jounalis pou pran pi bon prekosyon nan lari a pandan y ap egzèse fonksyon yo, « Pa gen anyen nou ka fè ak nèg ak zam, wap kore yo jodi demen y ap trayi w », te deklare aktivis politik la.

Se pa premye fwa jounalis yo ap viktim nan kad travay yo, kriz peyi a ap fè fas chak jou mete sou enjerans ak enstabilite enstans konsène yo ak gouvènman aktyèl la, lakòz vyolans ak enjistis pran jarèt yo sou dwa tout moun genyen pou viv tankou moun. Antouka, travayè laprès yo pat janm gen limit nan koze bay enfòmasyon, jiskaprezan poko gen yon lwa ki limite ki kote pou yon jounalis dwe founi enfòmasyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.