Pakè Pòtoprens mete yon manda mennen vini kont Prezidan komite pèmanan Legliz episkopal la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur

Komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Jacques Lafontant, mete yon manda mennen vini kont Prezidan komite Legliz episkopal Ayiti, Jean Madoché Vil, a nan kad swivi dosye kagezon zam ak bal ki te sezi nan dwàn Pòtoprens lan mwa jiyè ki sot pase a.

Jean Madoché Vil, prezidan komite pèmanan EEH la, vini nouvo sispèk nan dosye trafik zam ak bal ki t ap rantre sou non legliz la. Pakè Pòtoprens mande ak otorite Lapolis yo pou mennen ba li Pè Jean Madoché Vil ki ta li menm tou enplike nan dosye sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prezidan komite pèmanan Legliz episkopal Ayiti a, Jean Madoché Vil, te deja prezante nan Direksyon santral polis jidisyè, nan mwa dawout ki sot pase a, toujou nan kad dosye sa kote plizyè konntenè ki te rantre sou franchiz enstitisyon legliz la te gen ladan yo zam ak bal.

Nan kad ankèt k ap mennen nan nivo Lapolis sou dosye sa, plizyè moun te deja jwenn arestasyon yo, pami yo Gina Rolls, Lovenie Louis Jean, Pè Frantz Cole, ak yon lòt responsab nan administrasyon legliz episkopal Ayiti an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.