Kadav Michael Benjamin deja rive Etazini 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
kadav michael benjamin deja rive etazini 

Anviwon yon semèn avan fineray yo, kadav Michael Benjamin deja ateri nan peyi Etazini, daprè enfòmasyon frè defen an, Ti Lionel konfime jounen vandredi 28 oktòb 2022 an. 

Kadav Mikaben rive nan peyi Etazini pou fineray li k ap chante nan dat 6 novanm k ap vini an, nan Miami, Floride, aprè plizyè jou nan peyi Lafrans kote otorite yo t ap pratike otopsi sou li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè sa fanmi an te fè konnen lendi 24 oktòb, nan yon mach pou rann omaj ak atis la, kò Mikaben ta dwe retounen Ayiti, aprè fineray yo nan peyi Etazini, kote l ap gen pou antere. 

Yon mès ap gen pou òganize an Ayiti, peyi nesans Michael Benjamin, kote chantè «Ayiti Se» a pral kapab resevwa yon dènye omaj. 

N ap raple, Michael Benjamin mouri a 41 lane, nan vil Paris, pandan konsè retwouvay gwoup mizikal Carimi an, 15 oktòb, nan Accor Arena. Yon semèn aprè, Mikaben ki se egalman konpozitè kontinye ap resevwa omaj toupatou an Ayiti kou aletranje. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.