Asasina Éric Jean Baptiste : Lajistis lonje dwèt sou Jounalis Luckner Désir ak Ésaüe César 

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
asasina Éric jean baptiste lajistis lonje dwèt sou jounalis luckner désir ak Ésaüe césar 

Aprè sasinay Éric Jean Baptiste vandredi 28 oktòb 2022 a nan aswè, komisè gouvènman Pòtoprens lan bay  DCPJ  lòd pou li lanse yon ankèt sou krim sa a.  Li mande lapolis jidisyè pou fè poze  jounalis Luckner Désir epi Ésaüe César kesyon. 

Komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Jacques Lafontant te bay DCPJ  lòd pou lanse yon ankèt sou sasinay biznisman ak politisyen an Éric Jean Baptiste nan vandredi 28 oktòb 2022 a, nan Laboule 12: 

Nan yon kominike ki pibliye nan dat 29 oktòb 2022 a, komisè Jacques Lafontant mande lapolis jidisyè pou li odisyone 2 animatè emisyon Matin Débat, ki se jounalis Luckner Désir (Louko) ak Ésaüe César konsènan  revelasyon yo sou krim sa a.   

Vrèmanvre, nan yon emisyon Matin Débat, jounalis Esau César, ak kostim prèt vodou li, te anonse lanmò Éric Jean Baptiste.  Aprè sasinay sa a, videyo sa a te vin viral sou tout entènèt la a. 

Nap raple kèk endividi ak gwo zam fann fwa te asasinen lidè politik la Éric Jean Baptiste ak tout sekirite li nan lannwit vandredi 28 oktòb 2022 a nan Laboule 12. 

 

Facebook Comments

Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.