INTERVIEW
Kalanbourik te fè yon ti pale ak Netalkole Media

Kalanbourik se yon jenn antreprenè ki chaje ak foug. Ak ‘‘Bel achat’’, ki se yon antrepriz lokal, jenn gason sa gen yon gwo rèv ki se abiye 1000 ayisyen ak rad lokal. Sou plato Netalkole Media, Kalanbourik, ki rele Méreste Dieunaldo, te eksplike pwojè sa an detay ak pwofite prezante antrepriz ‘‘Bel achat a’’.
Pi lwen, eslamè gwoup Maux en mots a te pale n de karyè l ak vwayaj l ap fè an Frans nan objektif pou obsève ak konprann benevola, volontarya, vi asosiyatif an Frans ak an Ewòp pou l ka òganize ak ranfòse konbit an Ayiti.
Ekip Netalkole Media envite w klike sou lyen sa pou w al gad ti chita pale sa :
Facebook Comments