Kanada denonse blokaj dosye Ayiti an nan Konsèy sekirite Nasyonzini an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
kanada denonse blokaj dosye ayiti an nan konsèy sekirite nasyonzini an

Plis pase 6 mwa aprè gouvènman ayisyen an te ofisyèlman mande Nasyonzini voye yon fòs miltinasyonal nan peyi a pou batay kont gang yo, anyen toujou poko fèt avèk dosye sa ki bloke nan Konsèy sekirite a.

Minis kanadyen afè etranje a, Mélanie Joly, lonje dwèt sou Lachin ak Larisi ki, daprè li menm, ta kanpe an kwa pou anpeche tout fòm travay nan Konsèy sekirite Nasyonzini an ki ta gen pou objektif jwenn pi bon mwayen yo ta kapab fè yon entèvansyon an Ayiti.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dosye Ayiti an k ap trennen depi oktòb ane pase nan Konsèy sekirite Nasyonzini an pran nan yon gwo konfli jewopolitik ki egziste ant peyi oksidantal yo, Etazini prensipalman, ak lòt gwoup ki gen ladan l Lachin ak Larisi.

Malgre divès rankont ki òganize nan kominote entènasyonal la pou jwenn pi bon fòmil k ap kapab ede Ayiti rezoud pwoblèm ensekirite a epi retabli lapè, liy yo toujou pa bouje ant peyi manm Nasyonzini yo sitou sou kesyon entèvansyon fòs miltinasyonal la.

Minis Jolie renouvle angajman gouvènman kanadyen an genyen pou ede Ayiti rezoud pwoblèm ensekirite an epi bay mwayen k ap sèvi pou ranfòse kapasite Lapolis la pou fè fas ak gwoup ame yo sou teritwa nasyonal la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.