Premye Minis defakto Ariel Henry ak Konsèy Minis li a te dakò, nan aswè jedi 6 oktòb 2022 pase a, pou mande kominote entènasyonal la asistans militè, sepandan okenn peyi pa t vle pran tèt yon misyon konsa. Nan menm lide sa, Komite afè etranjè palman Kanadyen an nan yon rapò mande gouvènman peyi Kanada pou l pa voye twoup an Ayiti pou elimine gang vyolan ki ogmante pouvwa yo depi aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse nan lane 2021 an. Manm komite a fè kwè Kanada ta dwe pito ranfòse sanksyon kont elit politik ak ekonomik ayisyen an.
Nan menm rapò sila a, depite yo rekòmande tou pou Kanada konsantre sou efò imanitè, ekonomik ak politik, ansanm ak sipò pou lajistis ak sekirite an Ayiti. Nan sans sa, yo fè konnen pou Otawa rive fè sa, yo ta dwe bay Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) ekipman ak asistans ki nesesè pou abòde pwoblèm gang ak zam nan anndan peyi a.
Mete sou sa, Komite Afè Etranje Palman Kanadyen an di tou, Kanada ta dwe pase nan finansman asistans imanitè pwovizwa pou kreye yon estrateji alontèm ki ta gen finansman previzib ak vize rezilta espesifik. Se sak fè, yo mete aksan sou enpòtans ki genyen nan disponiblite aktivite lwazi pou timoun yo aprann ak jwe, kòm gang fòse lekòl yo fèmen epi rekrite timoun kòm sòlda.
N ap raple, Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau te anonse yon nouvo seri mezi pou sipòte Ayiti, tankou èd imanitè ak kèk bato de gè pou ede ak siveyans. Men sepandan, li pa ofri kalite fòs militè premye minis ayisyen an, Ariel Henry, ki pa eli, te mande a, paske kèk obsèvatè te mande l pou l pa voye entèvansyon militè etranje an Ayiti.
Facebook Comments