Migran Ayisyen yo pa sispann riske lavi yo nan lanmè, pou al chèchè lavi miyò

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
migran ayisyen yo pa sispann riske lavi yo nan lanmè, pou al chèchè lavi miyò (1)

Sitiyasyon peyi a k ap deteryore chak jou, fòse anpil Ayisyen kite peyi a, pou al chèche lavi miyò yon lòt kote, pafwa yo riske lavi yo nan pran gwo lanmè. Ayè jedi 9 Mas 2023 a, Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè te anonse yo te arete 21 imigran ayisyen ak dominiken pandan yo t ap eseye antre ilegal Pòtoriko nan Zile Vyèj Ameriken yo (les îles Vierges américaines).

Ajan Patwouy Fwontyè Sektè Ramey yo, te resevwa yon rapò nan men Lapolis Zile Vyèj yo, konsènan posiblite pasaje san papye ki te abò yon bato nan Cruz Bay nan St John. Daprè otorite lokal yo, Bato a t ap pran direksyon zile St Thomas, kote ofisye yo te arete 10 imigran ayisyen mèkredi pase a nan waf Ferry Red Hook la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, ajan Patwouy Fwontyè yo te fè konnen nan menm jou a, nan zòn Tortuguero nan minisipalite Pòtoriken Vega Baja, ajan yo te arete plis pase yon dizèn sitwayen ki gen nasyonalite Dominikèn ki te rive abò yon bato tip « Yola ».

N ap raple, fas ak degradasyon kondisyon lavi sosyo-ekonomik yo, Ayisyen yo pa sispann òganize yo pou kite peyi an. Sepandan, Malgre tout rankont ki pa sispann fèt sou kriz ki gen an Ayiti an, anpil peyi poko janm ka deside pou voye yon fòs militè etranje nan peyi an jan Premye minis Ariel Henry te mande sa nan mwa oktòb 2022 an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.